Warning: assert(): Assertion failed in /home/galoukout5/public_html/wp-content/themes/magazine-plus/template-parts/content-single.php on line 1

Inivèsite Leta Ayiti: Ki jan pou nou fini ak modèl nou gen la a?[1] 

       Par Ethson OTILIEN                                       

            Nan dènye atik nou te ekri sou Inivèsite Leta Ayiti (ILA) a nou te pale de kriz konjonktirèl k ap wonje ILA a jouk nan zo l. (Al gade atik : Inivèsite Leta Ayiti: kriz sou kriz. Ki avni l? nou te pibliye nan Jounal LE NATIONAL 23 out la). Nan atik sa a, nou ap bay ki jan nou ka fini ak modèl sa a ki la depi anviwon 20 (Dispozisyon Tranzitwa ki te soti an fevriye 1997) an e ki pa ka bay bon jan rezilta.

Pou nou koumanse n ap di ILA a enspire de modèl fransè fen 19èm syèk ak koumansman ventyèm syèk la sou IIIèm Repiblik la, lè sa a Raymond Poincarré te Minis Enstriksyon piblik. Yon modèl peyi Lafrans remanyen plizyè fwa deja. Dènye refòm fransè a fèt nan ane 2002 kote yo chanje sistèm yo te genyen e yo adopte yon nouvo sistèm ki li menm enspire de sistèm Nò-Ameriken an, yo rele LMD ki vle di Lisans(3 zan), Mastè (5 an), Doktora (8 an) e validasyon diplòm sa yo baze sou yon sistèm kredi yon rele ECTS (European Credit Transfer and Accumulation System).Yo te pran inisyativ sa a pou yo te ka amonize ansanm kisis ansèyman siperyè tout peyi ki nan Inyon Ewòp la ak kèk lòt ankò pou yo te ka falisite mobilite etidyan ak anseyan ak transfè etidyan. Sistèm sa a valab nan pifò pati nan Ewòp la e gen kèk Inivèsite an Afrik (Benen) ki koumanse aplike l. Yon ane nan sistèm sa kòresponn ak 60 ECTS (an 2 semès) oswa 1500 a 1800 èdtan travay pou etidyan an. E yon kredi vo ant 25 a 30 èdtan travay. Sistèm sa pèmèt etidyan an Frans ka al kontinye etid yo nan lòt inivèsite an Ewòp ki gen sistèm sa a san traka.

Istorik, bilan ak pèspektiv

Depi lè Inivèsite Leta Ayiti egziste (dekrè 16 desanm 1960)  jiska kounye a li pa rive atenn objektif fòme moun pou devlòpman peyi a (atik 209, 211.1 konstitisyon 1987).

Se vre Inivèsite a fòme anpil moun ki briye nan peyi letranje men konpetans sa yo se pa janm Ayiti ki rive benefisye l. E si n ap chache espesyalite ILA a nan domèn syantifik oswa literè kèlkonk m pa kwè n ap rive jwenn. Se debat n ap debat nan tout domèn fòmasyon nou genyen yo: medsin, syans enjenyè, matematik, syans lanati, syans imèn ak syans sosyal, etc. Jiska prezan Inivèsite a poko rive devlope yon pòl rechèch kote peyi a oswa lòt peyi ka vin esplwate espesyalite nou. Se tou dènyeman la a nou resi mete sou pye kèk pwogram metriz/mastè ak yon pwogram doktora epi yon laboratwa nan Fakilte Etnoloji kote etidyan k ap fè tèz doktora ka fè rechèch. Pou nou montre kouman Inivèsite a ap trennen depi plis pase 50 an fondasyon l.

Refòm Inivèsite a dwe pase nan chita ak sektè piblik kou prive, ak moun ki enjenyè nan domèn didaktik, moun ki gen fòmasyon nan domèn gouvènans inivèsite, espesyalis, teknisyen, enjenyè, syantik ak pratisyen pou nou ka redefini, nan kad yon pwojè devlòpman global, wòl Inivèsite a kòm zouti fonksyonèl, operasyonèl, e operatwa nan pwodiksyon konesans, nan fòme ajan devlòpman e nan fòme MOUN.

Modèl Inivèsite a dwe baze sou Rechèch-Aksyon pou nou ka transfֽòme epi bouste Chanjman Sosyal la,  e anfen sou Kreyasyon, Inovasyon, Transmisyon.

 

Kèk pwopozisyon pou nou rezoud kriz estriktirèl nou genyen anndan inivèsite a

 

1- Jesyon Inivèsite Leta Ayiti a

Nou vle toujou konsève Konsèy Egzekitif la ki gen twa manm ladann men  n ap gen: yon prezidan, ak plizyè visprezidan : rechèch, afè akademik, kowoperasyon entèn ak ekstèn. Epi n ap gen olye de yon Konsèy Inivèsite ki konpoze ak manm Konsèy Egzekitif la plis pwofesè, etidyan, plis dwayen ki soti nan chak antite nou kapab genyen yon Konsèy Administrasyon ki ap gen ladan ni tout manm Konsèy Egzekitif la, on gwoup reprezantan (delege) pwofesè, on gwoup reprezantan (delege) etidyan, on gwoup reprezantan (delege) moun ki nan administrasyon an, ak gwoup reprezantan (delege) moun ki pa nan Inivèsite ki reprezante sosyete sivil la, antrepriz yo, ak reprezantan Leta santral la, plis prezidan asosyasyon meri yo sou plan nasyonal. Apresa ap gen plizyè direksyon k ap la pou egzekite desizyon Konsèy Administrasyon an ap pran: rechèch, lavi etidyan, kominikasyon, etc. Se Konsèy Administrasyon an k ap gen pou l defini chwa politik ak estratejik Inivèsite a. Se li k ap defini règleman entèn Inivèsite a. Se li ki la pou redije yon gid ak kòd konduit pou etidyan yo pou yo konn dwa yo ak devwa yo. Se yo menm ki pou defini sou ki baz pou yo revoke yon pwofesè oswa yon moun nan administrasyon a. Se li menm ki dènye rekou yon etidyan yo mete dèyo nan youn nan antite ki konpoze ILA a. Se yo menm ki la pou vote bidjè pou chak antite yo. E chak twa mwa konsèy administrasyon an ap reyini(òdinèman) pou fè bilan desizyon yo, bilan travay konsèy egzekitif la nan jan li depanse lajan Inivèsite a ak jan li angaje Inivèsite a. E se Konsèy Administrasyon an sèlman ki ka pran desizyon kont yon lòt manm nan konsèy la pou fot ou mankman grav dapre vòt majorite a.

2- Koperasyon lokal / koperasyon ant inivèsite

An Ayiti nan domèn Edikasyon ak fòmasyon Leta bat ba devan sektè prive a lè nou konpare l ak Lafrans kote se Leta ki pran sektè edikasyon, fòmasyon pwofesyonèl ak inivèsitè a anchaj. Se anviwon 20% timoun ki rive jwenn on plas nan lekòl piblik yo e 80% rès yo nan lekòl prive. Nou pa konn chif la pou inivèsite yo men nou konnen inivèsite prive yo mete ansanm gen plis kapasite pase ILA a ak tout inivèsite piblik yo ki nan vil pwovens yo. Kidonk si majorite inivèsite nan peyi a se prive e yo chak ap travay nan yon domèn menmsi yo gen kèk domèn an komen nou kapab devlope yon patenarya oswa yon fòm koperasyon ak yo. Nou kapab devlope kèk pwogram fòmasyon ansanm osinon laboratwa rechèch sitou nan domèn edikasyon, lasante, agwonomi, etc. sa k ap pèmèt nou gen yon vizyon pi laj sou jan n ap devlope kisis fòmasyon e adapte l ak reyalite lokal la. Fakilte Syans kapab mete ak Enfotwonik pou devlope STARTUP, pwogram enfòmatik, etc. Inivèsite Limyè kab mete ak Fakilte Medsin ak Famasi e Inivèsite “Notre Dame” pou devlope laboratwa an medsin. Fakilte Syans Imèn te ka mete ak Inivèsite kiskeya pou devlope on laboratwa an sosyoloji. Gen kèk seminè yo te ka pwograme ansanm. Se tip aktivite sa yo pou nou nan chache devlope. Konsa, nou ta ka pale de yon inivèsite ki pote mak fabrik Ayiti. Sa t ap ede inivèsite ki pa fin kòdjòm nan on seri domèn pou yo pwogrese e piti piti rive atenn nòm entènasyonal e tout sa nan enterè peyi a.

E  se sa menm lide inivèsite a, se mete konesans nou, refleksyon nou ansanm.

3- Nou dwe mete sou pye tou nan inivèsite a yon sistèm koperasyon Sid-Sid ak Sid-Nò.

Nan pwogram koperasyon an n ap devlope on seri pwogram ansèyman ak rechèch ak on seri peyi nan Karayib la, nan Amerik di Sid ak kèk peyi an Afrik selon espesyalite yo. Epi n ap fè menm bagay la tou ak peyi Nò yo tankou Etazini, Lafrans, Kanada, Japon, Ostrali, Etc. N ap devlope on seri laboratwa binasyonal ou trinasyonal sa pral depann de pwojè n ap devlope a e de konpetans peyi n ap bezwen nan domèn nan. N ap devlope sistèm pataj dokiman sou fòm prè (dokiman sou papye) ak pataj dokiman nimerik atravè entènèt pou etidyan k ap redije memwa ak tèz ak pwofesè k ap fè rechèch. Sa ap tou ede n rezoud pwoblèm bibliyotèk la.

Dezyèm aspè koperasyon an ap gen ladann se yon sistèm echanj (mobilite) jan sa fèt ant plizyè peyi ewopeyen ak Amerik di Nò. Nou kapab gen echanj etidyan kote on seri etidyan Ayisyen deplase pou al suiv kou nan yon inivèsite etranje e kèk etidyan nan peyi etranje vin etidye an Ayiti pou yon semès osinon yon ane. Yon dezyèm echanj ka fèt ant chèchè ki bezwen apwofondi on rechèch nan on laboratwa ki pa nan peyi pa l. E anfen, yon sistèm echanj kote nou ka envite on pwofesè san nou pa oblije peye l pou l vin bay koutmen pa l nan domèn li. Men nou dwe defini alavans kritè k ap pèmèt yon moun benefisye de sistèm echanj lan pou ka pa gen abi ki fèt si moun nan suiv tout pwosedi e si moun nan merite benefisye sistèm nan. Seri kritè byen defini sa yo ap limite pouvwa moun k ap deside yo pou se pa moun pa yo ki benefisye sistèm nan.

4- Kreye yon sistèm pèmanans

Nan pifò inivèsite ki bay rezilta gen yon sistèm pèmanans yo mete an plas sa ki pèmèt sa etidyan yo pa fin byen konprann nan sal klas yo ka jwenn moun esplike yo l. An jeneral, se etidyan ki trè avanse yo pran  pou yo fè pèmanans nan. Nou ka pran etidyan metriz oswa etidyan ki avanse nan memwa yo. Sa ap tou ofri posibilite pou kreye djòb etidyan anndan inivèsite a.

5- Yon inivèsite k ap pwodui modèl

Nou vle konstwi yon inivèsite k ap pwodui modèl pou sosyete a paske jodia nou gen yon veritab kriz modèl. Nan yon pwen kote se moun nan lari a ki pwodui modèl pou jèn etidyan nou yo. Lè nou pran langaj on seri etidyan nan Inivèsite a sa fè nou reflechi sou fason n ap anseye jenès la. Nou ka mande tèt nou èske se moun n ap fòme pou viv ansanm osinon endividi. Nan esperyans pa m, m’ pa jwenn anpil etidyan ki gen on langaj diy e ki mache ak agiman lasyans. Anpil fwa se joure pwofesè, joure manm nan administrasyon, etc. Li pa diferan tou pou anpil pwofesè. Gen anpil kòlèg ki pa gen on langaj ki diy parapò estati l kòm anseyan. Sa ki montre pwofondè pwoblèm nan. Pou sa nou ka kreye on seri pri ekselans anndan inivèsite a: ekselans akademik, pri pou piblikasyon, kreyasyon antrepriz, etc. Konsa n ap rive reyose moral (nan de sans yo) Inivèsite a e pwodui bon jan modèl pou sosyete a.

6- Inivèsite / Etablisman ansèyman siperyè: vektè kwasans ekonomik

Moun k ap soti nan inivèsite a dwe yon ajan chanjman, yon ajan devlòpman.

Nou vle kreye yon inivèsite k ap kreye opòtinite pou jèn diplome yo. Yon inivèsite ki pap pwodui sèlman moun k ap mande travay men yon seri antreprenè. Yon seri moun ki ka reflechi, kreye , inove sou plan atistik, teknik, teknolojik ak syantifik. Se pou rezon sa a nou dwe kreye on fon nan inivèsite a ki ka ede yon jèn etidyan ki gen on lide materyalize ide sa a pou l fè l tounen realite. Epi akonpanye l pou l jwenn finansman pou pwojè li genyen an. Apa diplòm nan inivèsite a ap delivre li kapab kreye tou yon pri pou diplome k ap kreye antrepriz la sou baz konpetitivite.

Inivèsite a dwe chita ak antrepriz yo, asosyasyon, ONG yo ak tout lòt sektè k ap patisipe nan lavi sosyal ak ekonomik peyi a yon mannyè pou yo ka devlope yon seri CURRICULA ki adapte pa rapò ak bezwen sektè ekonomik yo pou nou pa fòme moun pou fòme moun men pou nou fòme vrè ajan devlòpman pou viv-ansanm nan ka posib.

Gen kèk bagay ki fondamantal nou pa pale nan pwopozisyon nou yo tankou agrandisman ak modènizasyon enfrastrikti, lwa òganik sou fonksyònman Inivèsite a jan konstitisyon an prevwa sa, enfòmatizasyon, curricula  ki adapte ak reyalite peyi a men tou ak mache travay la, diplomasyon, aplike sistèm LMD a ki gen tandans devlope nan tout peyi frankofòn yo, mete sou pye yon sistèm evalyasyon k ap pèmèt nou evalye ILA a  chak 10 an, etc.

Nou espere responsab yo ap teni kont de pwopozisyon nou yo e ka chache kouman nou ka fè mizanèv pwopozisyon sa yo. Konsa kriz estriktirèl Inivèsite a ap konnen jodia va chita byen fon nan paj listwa e li pap vin jwe nan rèv nou.

 

[1] Article publié dans LE NATIONAL du 13  et 14 septembre 2016

 

Ethson OTILIEN

ethsotilien@gmail.com

Anseyan nan FASCH/ UEH

Please share, follow and like us:
8

Warning: assert(): Assertion failed in /home/galoukout5/public_html/wp-content/themes/magazine-plus/comments.php on line 1

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *