Warning: assert(): Assertion failed in /home/galoukout5/public_html/wp-content/themes/magazine-plus/template-parts/content-single.php on line 1

Inivèsite Leta Ayiti, kriz sou kriz. Ki avni l?[1]

Par Ethson OTILIEN

 

Depi fen janvye 2016 jiska jodia gen yon kriz konjonktirèl k ap brase bil inivèsite a san rete. Lè nou pale de kriz konjonktirèl nou vle di on seri pwoblèm ki pa gen lontan la e ki marye ak yon sikonstans. Nou pran fen janvye paske se apati de moman sa a kou yo te koumanse kanpe nan kèk fakilte. Men, nou gen kriz elektoral pou plase alatèt rektora yo ki koumanse depi mwa novanm 2015. Nou gen desizyon konsèy inivèsite a (oktòb 2015) te pran pou mete yon etidyan deyò paske li te pami moun ki te anpeche aktivite kenzèn prezidansyèl (septanm 2015) fèt nan IERAH/ISERSS. San konte revandikasyon sendika pwofesè, sendika pèsonèl administratif ak on pil lòt ankò. Mete sou sa dènye desizyon konsèy egzekitif inivèsite a pran pou li mete an disponibilite de anplwaye inivèsite a ki se an menm tan militan sendika (jiyè 2016) akoz yo te patisipe nan manifestasyon ki ta lakòz patrimwàn inivèsite a ta vandalize. San konte responsab yo anonse rantre inivèsitè pou on seri fakilte tankou Faculté des Sciences Humaines (FASCH) pou fen out, nan menm moman gen on seri estrikti sendikal ki gen tan anonse grèv. Nou pap bliye tou enskripsyon konkou admisyon inite kominikasyon INIVESITE te anonse pou jiyè ki pa fin nèt. Tout sa fè, anpil moun k ap obsève dewoulman kriz inivèsite a gen anpil enkyetid non sèlman sou inivèsite a men tou sou avni peyi a puiske nou konnen ki wòl inivèsite jwe nan devlòpman on peyi. Konsa sa pouse nou mande tèt nou: se pou ki lè fen kriz la? Eske se paske responsab yo pa gen volonte pou rezoud kriz la osinon paske yo pa alawotè? Ki avni pi gwo sant inivèsitè peyi a? Atik sa a pa yon atik anplis sou kriz k ap brase bil inivèsite a men objektif li se atire atansyon tout kouch moun sou avni inivèsite a an patikilye, men tou, PEYI a.

Mwen menm, Ethson Otilien, mwen enterese nan kriz la, premyèman antanke sitwayen ki gen yon wòl sosyal e dezyèman antanke aktè nan youn nan antite nan INIVESITE a. Antanke sitwayen m gen dwa pou m mande dirijan yo kont sou fason yo jere INIVESITE a kòm yon enstisyon piblik ki la pou fòme moun pou peyi a, pwodui konesans epi bay yon sèvis piblik. M gen dwa pou m mande ki sa n ap kite pou etidyan k ap vini yo. M gen dwa pou m pale de wòl inivèsite a fas ak devlòpman peyi a. Si Lopital Jeneral (HUEH) ak pifò lòt lopital piblik peyi a fèmen epi INIVESITE LETA AYITI (ILA) fèmen nou gen dwa pou n mande kont sou jesyon enstitisyon piblik yo. Nou gen dwa tou poze kesyon sou avni yo alòske nou konnen yon peyi egziste apati enstisyon li konstwi ki rete debou pou jenerasyon k ap vin annapre yo. Si nou pa ka kite enstitisyon nou yo pou jenerasyon k ap vini yo nou gen dwa pou n mande èske n ap kontinye gen peyi apre dizan ankò. Nou konnen pa gen pèp ki imòtèl, depi enstitisyon l yo mouri pèp sa a tou mouri tou. Se sa k fè gen pèp nou pa rive konn istwa yo paske enstisyon yo disparèt. Se kòmsi pèp sa yo pa t janm egziste. Tout sa pou m di ki jan bagay la grav e se pa senpman enstitisyon sa yo senpman ki menase. Nou ka jis fè yon ti reflechi sou enstitisyon sa a nou rele demokrasi a, palman an, prezidans lan, etc.

 

Antanke anseyan, mwen gen anpil enkyetid sou avni pa m ak avni anpil lòt kòlèg anndan inivèsite a k ap vin pi frajil de jou an jou. Se vre, nou toujou ap pale de yon seri de jèn moun ki fini lekòl oswa ki nan inivèsite ak anpil lòt kalite moun ankò k ap kite peyi a pou y al Brezil, Chili, m ap mande tèt mwen nan kèk mwa ankò si pap gen kèk pwofesè nan ILA a ki pap lage kò yo nan peyi sa yo oswa nan lòt? Youn nan pwoblèm ki okipe lespri nou nan inivèsite a ankò se kesyon pwofesè kontraktyèl la. Lè ou se yon pwofesè kontraktyèl ou pa siyen kontra lè w kòmanse travay la se swa youn ou de mwa apre si se pa plis tan pou w tann avan w siyen. Epi fòk ou tann  uit mwa oswa ennan e menm plis pou w touche on lajan ou gen tan dwe tout. Gen moun ki gen plis pase sizan depi yo kontraktyèl. Sitiyasyon sa frajilize kategori pwofesè sa yo puiske a nenpòt moman yo ka pa renouvle kontra yo. Bouch yo prèske mare puiske yo pa ka patisipe konplètman nan lit ak revandikasyon inivèsite a. E gen responsab ki pwofite de sitiyasyon sa a pou yo chita dominasyon yo sou kategori pwofesè sa yo. Nou ka mande, ki jan moun sa yo fè kontinye vin fè kou? Eske moun sa yo pa gen on fanmi pou yo nouri? San konte rechèch ou dwe fè, liv ou oblije achte. Epi dèfwa ou ka annik rete yo pa renouvle kontra a. Se yon pwoblèm INIVESITE a dwe panche sou li seryezman.

Apre enkyetid pèsonèl sa yo, se yon seri enkyetid sou avni enstitisyon an. Ann fè yon ti bak sou fen mwa janvye a depi lè kriz la koumanse ap pran teren pou li a. Gen fakilte ki te toujou kontinye ap fonktyone. Gen lòt ki t ap fonksyone timidman e gen sa ki te kanpe nèt jiskaske responsab antite sa yo vin pran desizyon apre plizyè mwa pou enstitisyon yo rekòmanse fonksyone. Nan FASCH, apre plizyè reyinyon ant responsab yo ak pwofesè yo yo te rive relouvri men li pa t fasil pou tout bagay te kontinye mache kòrèkteman. Paske kriz la patko rezoud. Nou pap kritike desizyon ki te pran pou te relouvri fakilte yo, puiske sa se prèv aktè ki konsène yo te bouke  tann. Men ouvri san kriz la potko rezoud an pati oswa definitivman sanble plis yon lave men siye atè. Poukisa, paske menm pwoblèm yo toujou retounen ankò. Ban m tou rakonte yon anekdòt.

Yon vandredi m ale pou m fè kou. Kòm dabitid m antre nan sal la a dizè won pou al depoze zafè m pou m ka koumanse kou a. M annik soti pou m al nan sal pwofesè a m tande on premye kout siflèt ki pa ka fini nan lakou a e sa te anonse on seri lòt, agoch, adwat sa ki te anpeche m rete fè kou a. M pa janm tande ki desizyon ki te pran lefètke on seri etidyan te pran siflèt pou soufle depi lè a. Tout bagay kontinye ap mache  kòmsi se pa t anyen.

Tout sa yo k ap rive nan pi gwo enstitisyon inivèsitè peyi a se paske enstitisyon an frajil, se paske estrikti l pa fèt ak materyo solid. Se paske tou nou gen yon seri responsab ki iresponsab. Nou ka mande tou si se pa nayivte oswa absans vizyon ki fè nou rive nan katchouboumbe nou ye jodia. Nou konnen grandè yon pèp depann de grandè vizyon moun k ap panse pou li yo. Si moun yo gen gwo/gran vizyon e yo chache mwayen pou akonpli sa yo vle a pèp la ap vin gran sinon pèp la ap toujou nan mache-rale. N ap pran egzanp Lachin ak Izrayèl ki pa t gen gwo nivo devlopman avan dezyèm gè mondyal la. Jodia Lachin se peyi ki gen pi gwo rezèv dola e li fè pati senk peyi ki pi rich sou latè yo. Izrayèl ki gen yon inivèsite ki pami san (100) meyè inivèsite ki gen nan monn nan. Tout sa se vizyon moun k ap panse pou peyi sa yo. Jodia peyi sa yo fyè. y ap trete ak tout gwo peyi nan monn nan sou baz egalite. Nou pap bliye tou desizyon tèt anba responsab INIVESITE a ap pran. Se sa k fè dèfwa yo oblije retounen sou yo. Desizyon yo san fonnman syantifik e menm san bon sans. Se pou sa nou bezwen moun-sitwayen ki solid, ki ka pran desizyon, ki ka reflechi sou prensip fondamantal pou n ka konstwi yon inivèsite ki pote mak fabrik Ayiti menm jan on seri peyi rive poze mak fabrik yo sou inivèsite yo. Pou sa fèt fòk nou gen plis teknisyen pase politisyen: sa vle di se pa moun k ap panse ki jan pou yo vin okipe yon pòs pou yo e pou yo menm pou yo ka wè yo men moun k ap sèvi ak zouti lasyans pou bay bon jan rezilta pou INIVESITE a e pou PEYI AYITI. Nou bezwen moun-sitwayen k ap mete estrikti ki fèt ak materyo solid yo enspire nan bon teyori syantifik efikas. Nou  pa bezwen yon inivèsite ki konstwi sou yon moun, yon pèsonalite men sou metòd, sou prensip, sou pwosedi ak bon jan moun ki fòme keseswa syantifik ou teknisyen.

Kriz sa a k ap dòmi nan INIVESITE a tankou ma dlo sal la ka rezoud. Men pou sa n ap bezwen etabli yon dyalòg ant tout aktè ki konsène yo: etidyan, pwofesè, responsab, pèsonèl administratif e menm sosyete sivil la tou ka gen mo pa l pou l di nan kriz la. Menmsi INIVESITE a otonòm RESPONSAB LETA nan tout nivo gen mo pa yo pou di. Yo gen dwa pou yo di ki tip sitwayen yo ta renmen INIVESITE a fòme nan kad yon plan devlòpman global. Anpil moun deja pwopoze sa menmsi se sou lòt non tankou : “Les états généraux de l’UEH”. M panse sa enpòtan pou l fèt pou chak moun ka vini, vin vide sak yo, di sa yo panse, di sa yo kwè k ap bon pou INIVESITE a. Si dyalòg sa a pa fèt ant tout aktè ki konsène yo nou fenk kare nan kriz e n ap la pou lontan ankò. E se sa ki pou mete nou sou ray pou nou rezoud kriz estriktirèl ki genyen nan INIVESITE a.

[1] Article publié dans LE NATIONAL du 23 août 2016

 

Ethson OTILIEN,

anseyan nan FASCH/ UEH

Please share, follow and like us:
8

Warning: assert(): Assertion failed in /home/galoukout5/public_html/wp-content/themes/magazine-plus/comments.php on line 1

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *