Warning: assert(): Assertion failed in /home/galoukout5/public_html/wp-content/themes/magazine-plus/template-parts/content-single.php on line 1

Ki sa KARIKÒM ye ?

 Ethson Otilien,

Anseyan (FASCH/UEH)

 

« Pesonn pa yon zile … ; chak moun se yon moso nan yon kontinan ». Se konsa yon powèt angle yo rele John Donne esprime l pou montre pesonn pa ka viv pou kont li. Lè n ap pale de Jewopolitik nan 21èm syèk la, nou kapab chanje pawòl Donne yo konsa : okenn zile pa ka izole tèt li, chak zile se yon moso nan yon blòk. Lè nou teni kont de yon seri de gwo peyi k ap fè blòk ak lòt gwo peyi parèy yo (egz. Inyon Ewopeyèn), yon seri de peyi mwen devlope k ap fè blòk ak lòt peyi mwen devlope parèy yo (MERCOSUR), nou rive konprann jodi a ti zile yo oblije fè blòk pou yo ka reziste ak konkirans, presyon politik, presyon ekonomik gwo peyi yo ap fè nan monn nan. Atik sa a pral koumanse rakonte nou istwa mouvman entegrasyon nan Karayib la pou rive bay Karikòm e l ap pale tou de misyon enstitisyon an, sa li ka pote pou peyi manm yo. N ava pran ti chèz ba nou pou nou li kisa atik sa a pote nan djakout li. Li pa fèt pou espesyalis, men nou te panse ak moun ki pa konn G A = ga nan kesyon Karikòm e ki vle konnen sa li ye e ki sa Eta manm yo ka benefisye ladan ni. Nou pa dwe bliye tou Ayiti ap resevwa reyinyon Karikòm ane sa a 26 ak 27 fevriye. Nou mèt konsidere atik sa a kòm premye pati yon atik ki pral pale Ayiti nan Karikòm nan.

Ti listwa sou mouvman entegrasyon nan Karayib la

Yon seri peyi kolonizatè Ewopeyen tankou Angle, Espanyòl, Franse ak Olandè te eseye, depi anvan, mete koloni pa yo  ansanm selon mòd òganizasyon pa yo. Se konsa Angle yo, pou yo te ka diminye lajan jesyon ak fonksyònman koloni yo koute te koumanse regwoupe zile pa li yo ansanm an federasyon ak zile tankou Ondiras, Giyana, Jamayik ak on seri lòt Ti Antiy. Sanble premye inisyativ la te koumanse ak Federasyon Bannzil-Anba-Van (1674 – 1798)[1] ; vin gen yon lòt Federasyon Bannzil-Anba-Van tou nèf yo vin fè kote gen lòt peyi ki vin ajoute ladan ni (1871 – 1956) ; vin gen Federasyon Bannzil-Nan-Van ak Babad (1833 – 1885) ; annapre vin gen Federasyon Zenn Oksidantal (1958 – 1962) ak yon lòt ki sanble ak li ki te rele Federasyon Ti Antiy (1962 – 1965). Mouvman entegrasyon sa yo te gen, jiska 1960, kòm objektif, yon inyon politik. Echèk inyon politik sa yo, emansipasyon ak endepandandans yon seri koloni nan ane 1960 yo (Bernadie ak Taglioni : 2005) vin koumanse fè Eta ak teritwa sa yo ap reflechi sou lòt objektif. Se konsa, yon seri lidè nan zile sa yo vin ap revandike dwa sivik ak politik yo,  dwa pou yo otonòm, dwa pou yo deside sa k ap bon pou yo e sa vin rann otorite britanik yo vin fèb nan zile sa yo. Pami lidè sa yo nou jwenn Grantley Adams ak H. A. Cube nan zile Babad, Albert Gomes ak L. C. Hannays ki soti Trinidad-ak-Tobago, Norman Washington Manley ak Douglas Judah ki soti Jamayik ak John A. Renwick ki soti Grenad. Konsa, an 1947, seri lidè politik sa yo te reyini Jamayik nan Montego Bey (Montego Bay an angle) e yo pwopoze otorite britanik yo, ki te koumanse pèdi plim nan dezyèm Gè Mondyal la, pou negosye. E se sa menm yo t ap tann, konsa yo tou sote sou okazyon an. Yo rive soti ak lide pou yo kreye yon federasyon otonòm. Konsa, yo kreye Federasyon Zenn Oksidantal ki gen ladan ni : Antigwa-ak-Babouda, Babad, Dominik, Grenad, Jamayik, Monsera, Sann-Kits/Nevis/Angiya, Sent-Lisi, Sen-Vensan ak Trinidad-ak-Tobago. Anpil nan lidè ak dirijan politik te panse sa te ka vin yon fason pou bann zil sa yo vin endepadan. Se sa k fè gen zòt ki pa t mache nan lojik federasyon sa a. Diferans vizyon ak chirepit politik ki te gen nan federasyon sa a te fè li pa t pase anpil tan. Jamayik retire kò l, on ti kras tan annapre Trinidad-ak-Tobago retire kò l tou, de Eta ki gen pi gwo ekonomi nan Federasyon an, se konsa an 1962 Federasyon an kraze. Yon ti kras tan apre, Trinidad-ak-Tobago te pwopoze pou yon fè yon regwoupman sou baz ekonomik pou rejyon an se konsa yo te òganize yon reyinyon espesyal pou sa e an 1968 yon vin kreye Karifta (Carifta : Caribean Free Trade Association / Association de libre-échange des Caraibes / Asosiyasyon lib-echanj Karayib la). Karifta regwoupe plis pase dis peyi : Antigwa, Babad, Giyàn, Grenad, Trinidad-ak-Tobago, Dominik, Beliz, Sen-Vensan, Sent-Lisi, Jamayik, Monsera, Angiya, Sen Kits-ak-Nevis. Karifta te rive konble on seri bezwen Federasyon Zenn Oksidantal pa t ka konble. Prensipal objektif asosiyasyon an se te fasilite devlòpman ekonomik peyi manm li yo, elaji epi divèsifye echanj komèsyal y ap fè ak lòt Eta. Eta ki te siyen akò sa a te vle fini ak fwontyè ki anpeche machandiz sikile lib e libè ant peyi manm yo.

An 1973, Karifta kite plas li pou Karikòm.

 

Nesans mouvman entegrasyon Karikòm

Karikòm fèt nan lide pou yo te ka apwofondi esperyans Karifta a ki te gen pou misyon devlope ak divèsifye komès ant peyi manm asosiyasyon sa a, elimine baryè ak liberalize komès ant peyi manm li yo, garanti kondisyon pou manm yo fè komès ak konkirans yon fason ki lwayal, ankouraje devlopman ekonomi rejyon an. An avril 1973, nan reyinyon Chèf Gouvènman ki te fèt nan Jòjtawonn nan Giyana (Georgetown, Guyana), gouvènman yo te adopte “Akò Jojtawonn” ki t apral mete an plas pi devan kreyasyon Karikòm ki se Mache Komen Karayibeyen pou ranplase Karifta. Se konsa, nan yon reyinyon yo te fè Charagwamas nan Trinidad, an jiyè 1973, yo te siyen “Trete Charagwamas” la (Traité de Charaguamas) ki se ak fondasyon mouvman entegrasyon yo rele Karikòm nan e li te antre an vigè nan mwa out 1973. Men moun ki te siyen Trete Charagwamas la pou lapremyè fwa: Premye minis Babad la, Errol Barrow, Premier minis du Giyana, Forbes Burnham, Premye minis Jamayik la, Michael Manley ak Premye minis Trinidad-ak-Tobago a, Eric Williams.

Gen uit lòt teritwa nan Karayib la ki te vin manm Karikòm an 1974 : Antigwa-ak-Babouda, Beliz, Dominik, Grenad, Monsera, Sent-Lisi, Sen-Kits/Nevis/Angiya (byenke annapre , Angiya te vin kite twa zile sa yo) ak Sen-Vensan-ak-Grenadin. Bahamas te vin trèzyèm manm Kominote a jou ki te 4 jiyè 1983 san l pa fè pati Mache Komen an. Sirinam te vin katòzyèm manm Kominote a nan jou ki te 4 jiyè 1995 la. Ayiti te vin manm pwovizwa nan jou ki te 4 jiyè 1997 e li te vin manm aparantyè jou ki te 4 jiyè 2002.

Akote 15 Eta manm Kominote Karikòm nan nou jwenn 5 manm asosye : Angiya 4 jiyè 1998; Zil-Vyèj-Britanik 2 jiyè 1991; Zil-Tik-ak-Kayikòs 2 jiyè1991; Zil-Kayiman 16 me 2002 ak Bèmid 2 jiyè 2003.

  • Objektif Karikòm

Objektif jeneral Kominote sa a vize espesyalman : 1) Komès ak Kowoperasyon ekonomik ; 2) Kowòdinasyon politik etranje ; 3) Devlopman moun ak devlopman sosyal ; ak 4) Sekirite. Nou pap gen tan devlope kat pwen sa yo ki vrèman fondamantal. Men n ap di premye pwen an te deja  fè pati misyon Karifta men ofiramezi Karikòm ak devlope, òganizasyon an ap transfòme epi ogmante objektif li pou rapwoche Eta Karayib yo pi plis epi vize yon sèten ekilib pou pwogrè Kominote a. Akote objektif Jeneral yo gen objektif espesifik : amelyorasyon kalite vi ak travay, amelyorasyon kowoperasyon fonkyonèl, devlopman ekonomik, konpetitivite, ogmantasyon pwodiksyon ak pwodiktivite, espansyon komès ak lòt Eta, devlopman kiltirèl, devlopman sosyal, devlopman teknik, eksetera.

 

  • Ògàn Karikòm

Kominote a gen de ògàn prensipal a) la Konferans  Chèf Leta ak Gouvènman yo ; ak b) Konsèy Minis Kominote a. Se Konferans lan ki pi gwo otorite nan Kominote a. Se Konferans lan ki la pou detèmine liy politik Kominote a. Konferans lan ka kreye lòt ògàn si li estime sa nesesè pou li kontinye akonpli misyon l. Konsèy Minis Kominote a konpoze ak minis Eta yo delege e Konsèy la jwe wòl nan planifikasyon estratejik ak Kowòdinasyon Kominote a nan dom entegrasyon ekonomik, kowoperasyon fonksyonèl ak relasyon ekstèn. Gen lòt ògàn ki ede yon nan akonpli misyon yo tankou :

 

  1. Konsèy finans ak planifikasyon ; b) Konsèy devlopman ekonomik ak komèsyal ; c) Konsèy relasyon ant letranje ak Kominote a ; ak d) Konsèy devlopman moun ak devlopman sosyal.

 

  • Enstitisyon Karikòm yo
  1. Asanble Palmantè Kominote Karayibeyen – ASSEMBLEE DES PARLEMENTAIRES DE LA COMMUNAUTE CARIBEENNE (ACCP)
  2. Enstiti Karayibeyen pou Rechèch ak Devlopman Agrikòl – INSTITUT CARIBEEN DE RECHERCHE ET DE DEVELOPPEMENT AGRICOLES (CARDI)
  3. Sant Karayibeyen pou devlopman Administrasyon – CENTRE CARIBEEN DU DEVELOPPEMENT DE L’ADMINISTRATION (CARICAD)
  4. Ajans Karayibeyen Jesyon Ijans lè Katastwòf – CARIBEENNE DE GESTION DES URGENCES EN CAS DE CATASTROPHES
  5. Enstiti Karayibeyen Sante anviwònmantal – INSTITUT CARIBEEN DE SANTE ENVIRONNEMENTALE (CEHI)
  6. Enstiti Karayibeyen Alimantasyon ak Nitrisyon – INSTITUT CARIBEEN DE L’ALIMENTATION ET DE LA NUTRITION (CFNI)
  7. Enstiti Karayibeyen Meteyowoloji ak Idwoloji – INSTITUT CARIBEEN DE LA METEOROLOGIE ET DE L’HYDROLOGIE (CIMH)
  8. Òganizasyon Meteyowolojik Karayibeyen – ORGANISATION METEOROLOGIQUE CARIBEENNE (CMO)
  9. Sistèm Karayibeyen Sekirite Ayeryen ak Siveyans Sekirite – SYSTEME CARIBEEN DE LA SECURITE AERIENNE ET DE SURVEILLANCE DE LA SECURITE (CARIBBEAN AVIATION SAFETY AND SECURITY OVERSIGHT SYSTEM, CASSOS)
  10. Sant Chanjman Klimatik Kominote Karayibeyen – CENTRE DU CHANGEMENT CLIMATIQUE DE LA COMMUNAUTE CARIBEENNE (CCCCC)
  11. Ajans Egzekisyon Kominote Karayib ki Reskonsab Krim ak Sekirite – AGENCE D’EXECUTION DE LA COMMUNAUTE CARIBEENNE RESPONSABLE DU CRIME ET DE LA SECURITE (IMPACS)
  12. Konsèy Karayibeyen Egzamen – CONSEIL CARIBÉEN DES EXAMENS (Caribbean Examinations Council, CXC)
  13. Òganizasyon Karayibeyen Administratè Fiskal – ORGANISATION CARIBEENNE DES ADMINISTRATEURS FISCAUX (COTA)
  14. Mekanis Rejyonal Pèch Karayib la – MECANISME REGIONAL DES PECHES DES CARAIBES (CRFM)
  15. Òganizasyon Rejyonal Karikòm pou Nòm ak Kalite – ORGANISATION REGIONALE DE LA CARICOM DES NORMES ET DE LA QUALITE (CROSQ)
  16. Inyon Telekominikasyon Karayib – UNION DE TELECOMMUNICATIONS DES CARAIBES (CTU)
  17. Komisyon Konkirans Karikòm – COMMISSION DE LA CONCURRENCE DE LA CARICOM
  18. Konsèy Fòmasyon Jiridik – CONSEIL DE LA FORMATION JURIDIQUE (CLE)

 

  • Enstitisyon asosye
  1. Bank Karayibeyen pou Devlopman – BANQUE CARIBÉENNE DE DÉVELOPPEMENT (Caribbean Development Bank)
  2. Enstiti Karayibeyen Dwa – INSTITUT CARIBEEN DE DROIT (CLI) / CENTRE DE L’INSTITUT CARIBEEN DE DROIT (CLIC)
  3. Òganizasyon Eta Karayib Oryantal – ORGANISATION DES ETATS DES CARAIBES ORIENTALES (OECO)
  4. Inivèsite Giyana – UNIVERSITY OF GUYANA (UG)
  5. Inivèsite Zenn Oksidantal – UNIVERSITY OF THE WEST INDIES (UWI)

 

  • Sekretarya Karikòm :

Sekretarya Karikòm nan se ògàn administratif ki pi enpòtan pou Kominote a. Se Sekretè  General la ki alatèt Sekretarya a ki gen ladan ni twa biwo ak twa direksyon.

Se Konferans Chèf Leta ak Gouvènman ki nome Sekretè jeneral la sou rekòmandasyon Konsèy Minis Kominote a, pou yon peryòd ki pa depase senk an, avèk posilibite pou Konferans lan renome l ankò.

Se Sekretè jeneral la ki se administratè prensipal Kominote a.

Lang ofisyèl Karikòm se angle.

 

  • Mache ak Ekonomi Inik Karikòm nan (CSME – Caricom Single Market and Economy oubyen Caribean Single Market and Economy)

 

Mache ak Ekonomi Inik Karikòm nan se estrateji devlopman entegre ki pran fòm nan dizyèm reyinon Konferans Chèf Leta ak Gouvènman Karikòm yo te fè nan Grandans nan Grenad (Grand Anse, Grenada) nan mwa jiyè 1990 (1989 ?). Yo te elabore CSME kòm yon zouti pou fasilite devlopman ekonomik Eta manm yo nan yon anviwònman ki gen mwens baryè.

Anpil Eta manm te koumanse antre nan CSME menm Ayiti antre nan CSME. Sa vle di yon moun oswa yon konpayi nan kèlkeswa peyi li soti kapab fè komès, deplase lajan, mete antrepriz, deplase moun gen kalifikasyon pou travay sou nenpòt ki teritwa nasyonal ki fè pati Eta manm yo. Sepandan, Eta sa yo ta dwe mete sou pye politik ak lwa ki reglemante konkirans pou pwoteje konsomatè yo, nòm ak regleman teknik. Sa pèmèt tou, yon moun ki pran yon diplòm nan tèl Eta manm li valab nan tèl lòt Eta manm.

 

Ki sa yon peyi ki manm Karikòm ka benefisye ?

Si nou li atik la byen nou ka jwenn repons kesyon sa a byen fasil. Nan pati ki vin avan sa a, nou montre yon seri avantaj yon peyi ki antre nan Karikòm ka benefisye. Youn nan premye avantaj yo se avantaj komèsyal puiske yo retire tout baryè komèsyal sa k ap pèmèt yon peyi k ap espedye machandiz nan yon lòt Eta manm Karikòm ka fè sa pi fasil. Sepandan, fòk machandiz sa yo kapab respekte nòm peyi sa yo fikse pou machandiz sa yo ka rantre lib e libè nan Eta sa yo. Pwodui yon Eta ka al fè konkirans ak pwodui yon lòt Eta san grate tèt men fòk li respekte règ jwèt la.

Yon lòt avantaj ki genyen ankò apre sikilasyon machandiz, yo fasilite, konpetans ak mendèv sikile jan yo pito. Menm nan kesyon sekirite sosyal, yon sitwayen ki te benefisye sistèm sekirite sosyal nan peyi l kapab benefisye l tou nan lòt Eta li deplase ale a. Neyanmwen fòk peyi li a oswa Eta li soti a te souskri a rejim sa a. Se menm bagay la tou pou deplasman moun. Depi peyi w la souskri a paspò Karikòm nan ou gen dwa pou w deplase ale travay, fè vi w nan nenpòt Eta manmb Karikòm nan ki souskri a paspò a tou. Lòt avantaj bab e moustach Karikòm nan bay se sou kesyon diplòm, Eta manm yo rekonèt diplòm youn lòt.

 

Konklizyon

Jan nou te gen tan souliye sa nan entwodiksyon nou an, okenn ti peyi, jodi a, pa ka chwazi mennen bak li yon fason izole anba presyon politik, presyon ekonomik, presyon ideyolojik ak presyon kiltirèl gwo peyi yo. Se pou sa, jodi a nan monn nan gen anpil kowalisyon ki fèt, Etazini se pi gwo ilistrasyon an, Inyon Ewopeyèn se dezyèm pi gwo blòk la, annapre nou gen nan peyi sid yo MERCOSUR ak lòt ankò. Konsa, Karikòm fèt nan lide pou federe yon seri de ti Eta nan Karayib la, sa ki ka pèmèt yo fè rezistans anba pisans gran peyi Nò yo sitou. Anplis, mouvman Karikòm nan gen objektif politik men tou, kesyon ekonomi an fondamantal puiske yo vle pèmèt sikilasyon byen ak machandiz, mendèv tout kalite, e Karikòm nan pèmèt tou moun sikile lib e libè depi peyi manm nan ranpli kondisyon pou li pèmèt sitwayen li yo itilize paspò Karikòm nan. Men Ayiti pa ko ranpli kondisyon pou sa se sa k fè yon Ayisyen pa ka deside ale kote li vle nan nenpòt Eta ki manm Karikòm nan.

Youn nan bagay ki fondamantal ki fè tout Eta oswa teritwa nan Karayib la sanble sèke a yon sèten moman te gen yon pisans kolonyal ki te deside kolonize teritwa yo. Byenke jodi a pifò ladan yo pou nou pa di tout vin teritwa otonòm oswa endepandan. Yon lòt pwen komen yon genyen ankò sèke yo nan menm espas jewografik menmsi yo on jan dispèse nan lanmè Karayib la. Si Eta sa yo deside afime toutbonbre idantite karayibeyen yo, yo pa gen lòt chwa se kontinye rete soude sa ka ede yo defann tèt yo ansanm epi reziste anba pouvwa gwo peyi enperyalis yo.

Kounye la a, nou ka mande : Eske se senpman avantaj nou ka tire nan Karikòm ? Ki pwoblèm fondamantal ki genyen nan Karikòm ki fè Ayiti pa ka benefisye lajman laj tout avantaj bab e moustach ki genyen nan Karikòm ? Ki sa pou Ayiti fè si li pa vle toujou dènye nan lekòl Karikòm nan ? Pwochen atik nou an pral pale de Ayiti nan Karikòm, men nou pa fin sèten n ap ka bay bon jan repons ak kesyon fondamantal sa yonou sot poze a paske nou pa espesyalis Karikòm. Nou te chache fè ti egzèsis sa a kòm moun ki avize pou pote limyè bay gwo pèp la.

Nou swete nou yon bon lekti !

 

Referans liv

BERNADIE, Nathalie et TAGLIONI Francois (Dir.) (20005) Les dynamiques contemporaines des petits espaces insulaires de l’île-relais aux réseaux insulaires. Karthala Editions

DENIS, Watson (à paraître)) Haïti, la CARICOM et la Caraïbe. Questions d’économie politique, d’intégration économique et de relations internationales. Port-au-Prince, C3 Editions

Paj wèb nou konsilte

https://caricom.org/documents/11108-treaty_caricom_2-french.pdf

http://www.criti.info/wp-content/uploads/2015/12/fr_manuel-sur-caricom-ecoles.pdf

[1] Sa ka rive dat sa yo pa toujou menm selon otè a. Nou menm, chache nan plizyè sous pou dat yo, sa rive dèfwa nou mete plizyè ak on pwen entewogasyon dèyè ( sa ki mwen sèten an) pou nou montre nou pa sèten.

Please share, follow and like us:
8

Warning: assert(): Assertion failed in /home/galoukout5/public_html/wp-content/themes/magazine-plus/comments.php on line 1

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *